Byenvini

KOWONAVIRIS: 
KESYON ENPÒTAN

Kisa COVID-19 ye? 
COVID-19 se yon maladi respirasyon ki ka propaje. Enfeksyon sa koze pa yon nouvo kowonaviris ke yo te premye wè nan zon Wuhan, nan peyi Lachin. Anpil moun ki enfekte gen sentom ki leje oswa pa prezante okenn sentom ditou. Difikilte pou respire, nemoni, defayans ògàn ki nan kòw, ak lanmo ka rive nan kèk ka. 

Pa ki fason COVID-19 ka pwopaje? 
De yon moun a yon lòt, ou ka vin enfekte lè ou respire krache ki voye lè yon lot moun ki enfekte touse oubyen etènye bò kotew a yon distans ki rive jiska 6 pye (1.82 met). Sifas ki kontamine: Ou ka vin enfekte lè ou manyen sifas ki kontamine epi apre sa ou al manyen bouch ou, nen ou, oswa je ou. Pami sifas ki gen gwo risk pou enfekte ou, gen ladan yo manch pòt, bouton asansè, kontwa, telefòn selilè ak sifas ke tout moun ap itilize. 


Eske mwen ka trape COVID-19? 
Wi. Ou ka ekspoze a COVID-19 si:

  • Ou ap viv avek yon moun ki gen COVID-19

  • Ou te pran swen yon moun ki gen COVID-19

  • Ou te an kontak ak yon moun ki gen COVID-19

  • Ou te manyen yon sifas oswa yon objè ki kontamine


Ou ka gen plis chans pou ou trape COVID-19 si sa pa gen twò lontan depi ou te vwayaje, si ou se yon travayè nan domèn lasante, oswa si ou te nan yon kote ki gen anpil ka COVID-19. Ou riske devlope sentom ki pi grav si ou gen yon sistem defans iminite ki fèb, si ou fè maladi kè, maladi poumon tankou opresyon oswa MPOC (maladi pilmonè obstriktiv kwonik), oswa si ou gen plis pase 60 lane. 

Ki siy ki montre ke ou gen COVI D-19? 
Siy ki parèt pi plis yo: tous sèch, lafyèv, souf kout. Siy ki parèt mwens yo: fatig, doulè nan jwenti ak atikilasyon yo ak kò kraze, gòj fè mal, maltèt.

Ki diferans ki genyen ant COVID-19 avèk grip? 
COVID-19 ak grip prezante sentom ki sanble, men viris ki lakòz maladi sa yo diferan. Viris ki lakòz COVID-19 gaye pi fasil e pi rapid; epi li gen plis chans pou li lakòz sentom grav ak lanmò. Kontrèman ak grip, nan moman an, pa gen okenn vaksen oswa medikaman pou trete COVID-19. 

Kouman mwen ka pwoteje tèt mwen ak lòt moun? 
Evite kontak sere ak moun, epi evite pataje atik pesonèl ou (egzanp. Kiyè, fouchèt, sèvyèt, etc.) ak moun ki malad, evite manyen zye ou, nen ou ak bouch ou. Kouvri bouch ou lè wap touse, etènye nan yon tisi, epi jete tisi a nan fatra. Netwaye sifas ak objè ke ou manyen souvan yo. Lave men ou avèk savon ak dlo kap koule pandan omwen 20 segonn; oswa itilize yon dezenfektan pou men ki gen omwen 60% alkòl si savon ak dlo pa disponib. Rete lakay ou epi evite twouvew avek moun ki pa nan fanmiy pwoch ou.

Kisa mwen ta dwe fè si mwen santi mwen malad? 
Rete lakay ou epi rele doktè ou. Si ou gen difikilte pou respire, oubyen toudenkou ou santi ou anvi dòmi oswa ou santi ou toudi, ou vle endispoze, oubyen si ou remake po bouch ou ak vizaj ou ap vinn yon koulè ki pi fonse ke dabitid, rele 116 oubyen rele nan nimewo ijans ki disponib nan zòn kotew ye a. Pifò moun ki gen sentom leje ak modere yo ka refè lakay yo. Si ou dwe kite kay ou pouw al wè yon doktè, rele davans epi evite transpò piblik. 

Kreye pa "COVID-19 Health Literacy Project" an kolaborasyon avek "Harvard Health Publishing"